Accessibility links

Breaking News

Meksik: 2 Mouri Anba Bal Nan Yon machin


MÉXICO-PERIODISTAS ASESINADAS
MÉXICO-PERIODISTAS ASESINADAS

Meksik - Direktris yon jounal an-liyn nan pati sid Meksik te resevwa menas pandan semèn ki pase yo poutèt travay li kòm jounalis; finalman li mouri ansanm avèk yon kèlèg li, dapre sa yon frè li fè konnen madi.

Non jounalis la se Yessenia Mollinedo; e kòlèg la te rele Garcia Olivera. Yo tou le 2 t ap travay pou jounal “El Veraz” nan vil Cosoleacaque; yo mouri anba bal lendi apremidi pandan yo te chita nan yon machin devan yon sipèmache.

Apre asasina 2 jounalis sa yo, lapèrèz anvayi tout vil la e se kèk zanmi sèlman ki oze al vizite kay jounalis Mollinedo pou prezante kondoleyans yo bay fanmi an madi swa.

Se 10èm ak 11èm asasina jounalis ki rive o Meksik depi ane a te kòmanse; yo mouri kèk jou sèlman apre yon lòt jounalis te pèdi lavi l nan Eta Sinaloa, nan pati nò peyi a.

Mamiro Mollinedo Falconi, ki se yon jounalis tou, fè konnen ti sè l la, Yessenia Mollinedo, te resevwa menas nan telefòn kote enkoni te mande l wete nan repòtaj li yo tout nouvèl ki pale de krim k ap fèt nan peyi a.

XS
SM
MD
LG