Accessibility links

Breaking News

Yon Jounalis Al Jazeera Mouri Anba Bal Fòs Izraelyen yo


PALESTINIANS-ISRAEL/QATAR-ALJAZEERA JOURNALIST KILLED
PALESTINIANS-ISRAEL/QATAR-ALJAZEERA JOURNALIST KILLED

Vis-Minis Afè Etranjè Katar la pibliye yon kominike kote li di yon korespondan Al Jazeera, Shireen Abu Akleh, yon jounalis fanm ki t ap travay sou teritwa palestinyen an, jwenn lanmò li apre fòs Izraelyen yo te "ba li yon bal nan figi. Jounalis la, ki t ap travay nan moman an, “te gen sou li yon jaket ki make laprès.”

Viktim nan t ap kouvri yon operasyon lame Izrayelyen t ap mennen. Shireen Abu Akleh sete yon repòtè palestinyen tre popile ki jwenn omaj pou kouraj li ak pwofesyonalis li.

Al Jazzera, yon estasyon televizyon k ap emet depi Qatar, pibliye yon deklarasyon kote li di se fòs Izraelyen yo ki assasinen Madam Abu Akleh.

XS
SM
MD
LG