Otorite nan 85 peyi ak kèk òganizasyon, pami yo Lig Arab la, l-OTAN ak Entèpòl, reyini nan Marrakech nan peyi Mawòk, semèn sa a pou premye reyinyon ministeryèl Koalisyon Mondyal pou Bat Eta Islamik la k ap dewoule ann Afrik.
Reyinyon an ke Mawòk ak Etazini prezide, pwal santre sou "mwayen pou kenbe presyon sou tout restan Eta Islamik nan Mond la."
Men otorite ameriken yo ki te pale ak LaVwadlamerik anvan reyinyon ministeryèl jodia, di atansyon pwal santre
anpil sou Afrik, kote menas Eta Islamik la, ki rele tou Daesh, ap gaye tou dousman.