Accessibility links

Breaking News

Yo Wouze yon Anbasadè Ris ak Penti Wouj nan yon Seremoni ki Dewoule nan Vasovi


Sergei Andreyev
Sergei Andreyev

Manifestan nan LaPolòy wouze anbasadè Larisi a, Sergei Andreyev, ak penti wouj pandan diplomat la t ap eseye depoze yon jèb flè nan simtyè memoryal sovyetik la nan Vasovi nan memwa sòlda Lame Wouj la ki te mouri pandan 2èm Gè Mondyal la.

Yon video kote yo anrejistre atak la, ki dewoule lendi, montre moun ki te kanpe dèyè anbasadè a pou yo voye penti wouj sou li anvan yo lòt militan, ki te bò kote l, te benyen figi l ak penti nan moman yo t ap pwoteste kont envazyon Larisi nan Ikrèn nan.

Manifestan yo te ansèkle Anbasadè Andreyev pandan yo te gen drapo nasyonal Ikrenyen an nan men yo e yo t ap chante: “Fachis! Fachis!” Yo anpeche diplomat la ak delegasyon li a depoze jèb flè a nan simtye a pou make defèt Lalmay Nazi an 1945.

LaPolòy se youn nan peyi ki plis kritike envazyon Larisi a. Plis pase 3 milyon 200 mil refijye ikrenyen travèse fwontye a pou y al viv nan Polòy akoz lagè k ap dewoule nan peyi yo depi 24 fevriye pase a.

XS
SM
MD
LG