Accessibility links

Breaking News

Evakyasyon plis sivil nan izin asye Azovstal


UKRAINE-CRISIS/AZOVSTAL
UKRAINE-CRISIS/AZOVSTAL

Evakyasyon plis sivil nan izin asye Azovstal nan vil Mariupol ki anba syèj-la tanmen.

Sepandan pa gen anpil detay sou operasyon an. Enfòmasyon sou rezilta yo ap deyò pita," se konsa Andriy Yermak, chef pèsonèl prezidansyèl la nan Ikrèn te pale jodi vandredi a.

Jedi, batay te fè raj nan izin asye a. Konbatan Ikrènyen te kenbe la lè sòlda ris te antre nan izin nan malgre Ris yo te pwomèt pou batay yo sispann nan lajounen pou kite plis pase 200 sivil ki bloke nan enstalasyon an soti san danje.

Fòs ris yo kontwole tout bagay eksepte chantye pwodiksyon asye yo nan vil devaste a ki sou kot nò Lanmè Azov. LaRisi vize l plizyè fwa nan ofansiv li a ki la depi 10 semèn.

Anton Gerashchenko, yon konseye pou Ministè Afè Entèn nan Ikrèn, di twoup ris yo te anvayi izin nan an pasan pa tinèl yo ak èd yon elektrisyen ki konnen jan andan enstalasyon an distribye.

XS
SM
MD
LG