Accessibility links

Breaking News

Repòtè San Fwontyè di Pwopagann Reprezante yon Menas Mondyal pou Libète Laprès


RSF Uzbekistan
RSF Uzbekistan

Washington - Envazyon Larisi a nan Ikrèn koze tou yon lòt viktim: Se libète laprès nan Larisi, daprè yon nouvo rapò Repòtè San Fwontyè (RSF).

Gwoup defans dwa jounalis yo plase Larisi preske nan fen klasman Libète Laprès nan Lemond pou 2022 a ki parèt madi nan okazyon selebrasyon Jounen Mondyal Laprès la. Klasman anyèl la pibliye yon lis rekò 28 peyi kote “libète laprès twouve l nan yon eta trè mal.”

RSF fè konnen atak Moskou sou libète laprès vin ranfòse gras ak yon lòt envazyon kote solda ris yo sèvi ap pwopagann, yo aplike lwa ki lage vèni sou medya ki merite konfyans, yo entèdi itilizasyon entènèt la e yo fè arestasyon.

Larisi se youn nan peyi ki nan yon rapò kote RSF fè yon mizajou nan yon lis gouvènman ki limite oubyen ki entèdi kareman travay medya lib yo. Pami lòt peyi ou teritwa sa yo, genyen Afganistan, Hong Kong, Meksik, Etyopi avèk Bimani.

XS
SM
MD
LG