Accessibility links

Breaking News

Joe Biden ap vizite izin zam Lockheed Martin nan Eta Alabama


FILE PHOTO: A RAF Lockheed Martin F-35B fighter jet taxis along a runway
FILE PHOTO: A RAF Lockheed Martin F-35B fighter jet taxis along a runway

Prezidan Etazini Joe Biden ap vizite izin zam Lockheed Martin nan eta Alabama jodi madi a, izin ki fabrike javlen pòtab anti-tank ki jwe yon gwo wòl nan Ikrèn.

Prezidan Etazini Joe Biden ap vizite izin zam Lockheed Martin nan eta Alabama jodi madi a, izin ki fabrike javlen pòtab anti-tank ki jwe yon gwo wòl nan Ikrèn.

Vizit Biden nan ap atire atansyon sou yon enkyetid k ap ogmante pandan gè-a ap kontinye. Kesyon an se èske Etazini ap ka kontinye voye yon pakèt zam bay Ikrèn konsa san rete e an menm tan gen ase zam l-ap bezwen si yon konfli pete ak Kore di Nò, Iran oubyen lòt peyi?

Administrasyon-an fè konnen li voye apeprè 5-mil-500 Javlen bay Ikrèn depi envazyon LaRisi a te tanmen sa gen 2 mwa.

PDG Raytheon Technologies, Greg Hayes, di envestisè yo semèn pase, lè li te rele konpayi li ki fè zam sa yo, ke li p ap ka ogmante pwodiksyon an jiska lòt ane paske li gen pàn pyès pou zam sa yo.

XS
SM
MD
LG