Accessibility links

Breaking News

Paris: Manifestasyon Pou Mande Ogmantasyon Salè


Demonstrators hold a banner reading : "Proletarians and oppressed peoples of all countries, unite" during a May Day demonstration march from Republique, Bastille to Nation, in Paris, France, May 1, 2022.
Demonstrators hold a banner reading : "Proletarians and oppressed peoples of all countries, unite" during a May Day demonstration march from Republique, Bastille to Nation, in Paris, France, May 1, 2022.

La polis te tire gaz lakrimojen pou pouse anachis ki tap piye biznis nan vil Paris yè dimanch la pandan manifestasyon ki tap dewoule nan okazyon premye me a kont politik nouvo prezidan elu Emmanuel Macron.

Plizye milye moun te rasanble ansanm premye me a atravè peyi la Frans pou yo mande ogmantasyon salè e pou prezidan Macron abandone plan li genyen pou-l monte laj retrèt la.

Pifò manifestasyon yo te pasifik men violans te pete nan kapital la kote la polis te arete 54 moun pami yo yon fi ki te atake yon sapè pompye ki tap eseye touye yon dife.

Minis Enterye a, Gerald Darmanin di sou twitè (Twitter) 8 polisye blese.

Lese-frape te pete avek la polis nan komansman mach la tou prè plas la Republique ak lè li te rive sou plas la Nasyon nan lès Paris. Lapolis te tire gaz lakrimojen.

Te gen apeprè 250 manifestasyon a Paris ak nan kèk lot vil nan peyi la Frans pami yo: Lille, Nantes, Toulouse ak Marseille. An tou te gen 116 mil 500 moun ki te defile atravè peyi a pami yo 24 mil nan kapital la dapre minis enteryè a.

XS
SM
MD
LG