Accessibility links

Breaking News

Yon Ajan Polis Ale ann Apèl kont Vedik ki Di Li Te Touye George Floyd


FILE - This image from video shows Minneapolis police Officers Thomas Lane, left and J. Alexander Kueng, right, escorting George Floyd, center, to a police vehicle outside Cup Foods in Minneapolis, on May 25, 2020.
FILE - This image from video shows Minneapolis police Officers Thomas Lane, left and J. Alexander Kueng, right, escorting George Floyd, center, to a police vehicle outside Cup Foods in Minneapolis, on May 25, 2020.

MINNEAPOLIS - Yon ansyen polisye nan vil Minneapolis, Eta Minnesota, Dereck Chauvin, ke lajistis te jwenn koupab dèske li te touye George Floyd, ale an apèl ak vèdik sa a; li deklare, antwòt, jiri a te sibi entimidasyon pwotestasyon pafwa vyolan ki t ap dewoule nan moman jijman an e li menm, li te viktim prejije akoz piblisite ki te fet anvan dewoulman pwosè an.

Nan yon dokiman Chauvin mete devan Kou Dapèl Minneapolis la, li mande pou tribinal sa a ranvèse santans li a, e li reklame yon lòt pwosè nan yon lòt vil, oubyen pou jij la pase lòd pou yo chanje santans la.

An jen 2021, jij Awondisman Hannepin nan, Peter Cahill, te kondane Chauvin pou l pase 22 zan edmi nan prizon apre jiri a te jwenn misye koupab pou asasina. George Floyd, yon nwa-ameriken, te mouri 25 me 2020 apre polisye Dereck Chauvin te klouye li atè avèk jenou li sou kou viktim nan pandan 9 minit ak 29 segond. 2 lòt ajan polis te tonbe anba akizasyon tou dèske yo te mele nan afè sa a.

XS
SM
MD
LG