Accessibility links

Breaking News

Gwoup Eta Islamik la Sèmante Pou l Tire Revanj pou Lanmò Ansyen Lidè li


Abu Ibrahim al-Hashimi al-Qurashi na liyebisi lya département d’Etat mpo na koluka ye, Préssident Joe Biden ya Amerika asakoli liwa lya ye, 3 février 2022.
Abu Ibrahim al-Hashimi al-Qurashi na liyebisi lya département d’Etat mpo na koluka ye, Préssident Joe Biden ya Amerika asakoli liwa lya ye, 3 février 2022.

Gwoup Eta islamik la sèmante dimanch pou li tire revanj pou lanmò ansyen lidè li, e li mande sipòtè li yo pou yo pwofite lagè nan Ikrèn nan pou òganize atak ann Ewòp.

"Nou konte sou Bondye pou nou anonse yon kanpay pou nou vanje lanmò Abu Ibrahim al-Qurashi ak ansyen pòtpawòl gwoup-la," se sa ki di nan yon mesaj audio ki fè konnen se pawòl gwoup-la e mesaj-la te sikile sou app Telegram.

Nouvo pòtpawòl gwoup-la, Abu-Omar al-Muhajir, mande sipòtè li yo pou yo rekoumanse lanse atak ann Ewòp, e pwofite "opòtinite ki devan yo", kote pèp ki te konn fè kwazad yo ap goumen antre yo - an palan de envazyon LaRisi nan Ikrèn nan.

Ansyen lidè gwoup militan an pèdi lavi nan koumansman mwa Fevriye pase lè li te fè sote yon bonm pou Etazini pa mete men sou li nan yon desant dè lye nan nò Siri, dapre responsab Mezon Blanch ak otorite defans yo.

Se 10 Mas gwoup la te konfime lanmò li ansanm ak ansyen pòtpawòl gwoup-la, e menm kote a yo te nonmen Abu Hasan al-Hashemi al-Qurashi, kòm nouvo lidè a.

XS
SM
MD
LG