Accessibility links

Breaking News

Gouvènè Eta Florid la, Ron DeSantis, Siyen yon Lwa Kont Pratik Avòtman


Gouvènè Florid la, Ron DeSantis, siyen yon lwa ki entèdi avòtman apre yon gwosès 15 semèn nan moman eta sa a antre nan ran yon kantite lòt kote sektè konsèvatè a ap fè presyon pou yo limite posiblite pou moun fè dilatasyon. DeSantis siyen lwa a anvan Kou Siprèm nan pran yon disizyon ki byen kapab entèdi avòtman nan tout peyi a.

Nouvo lwa a reprezante yon gwo kou pou moun ki fanatik pratik avòtman an nan rejyon sid Etazini kote Florid abitye ofri plis posiblite pase eta vwazen li yo pou moun jete ti bebe. Dokiman legal la, k ap antre an aplikasyon apati de premye jiyè 2022 a, gen ladan l kèk eksepsyon: si lavi manman an an danje, si kwosès la kapab domaje li, oubyen si anbriyon an pa nòmal e li ka koze lanmò manman an.

Lòt kote Ozetazini, palmantè repibliken yo entwodui nan Kongrè a yon nouvo pwopozisyon-lwa konsènan restriksyon sou avotman; kèk nan restriksyon sa yo sanble avèk yon lwa nan Tegzas ki entèdi avòtman apre anviwon 6 semèn.

XS
SM
MD
LG