Accessibility links

Breaking News

Ajan Sekre Leta Suiv yon Jounalis Kiben, Yo Bat Li


Independent Cuban journalist Alberto Corzo pictured in a hospital after assailants beat him and broke his collar bone.
Independent Cuban journalist Alberto Corzo pictured in a hospital after assailants beat him and broke his collar bone.

Alberto Corzo, yon jounalis kiben, pa t prevwa li ta pral gen okenn pwoblèm lè li te kite kay li pou l t al fè yon repòtaj nan kòmansman mwa davril la. Men rapidman li ta pral konstate kèk ajan sekirite t ap suiv li, yo lage l atè pandan yo t ap bat li e finalman li t al lopital ak yon kou kase.

Corzo te santi yon bagay pa t nòmal lè kek ajan sekirite leta te rete l nan lari Matanzas, yon pwovens nan Kiba, epi yo te mande l ki kote l ta prale.

Jounalis la -ki se direktè jeneral Enstiti Kiben pou Libète Lapawòl ak Laprès (ICLEP), yon ògàn de près endepandan, te refize reponn kesyon ajan yo. Olye de sa, li te pran yon taksi ki te pati avèk li.

Pandan Corzo te nan taksi a, li di 2 ajan yo, ki te abiye an sivil, te suiv li sou motosiklèt. Lè l te desann, yo te pwoche bò kote l. Li deklare:

“Yo atake m epi yo lage m atè. Gras ak kèk moun ki t ap pase, yo te fin pa kite m trankil. Chofè taksi a te mennen m lopital.”

Istwa Alberto Corzo a montre danje ki genyen pou yon sitwayen endepandan nan Kiba. Nuizans politik ak arestasyon ogmante nan peyi a depi mouvman pwotestasyon ki te dewoule nan ane 2021 an.

XS
SM
MD
LG