Accessibility links

Breaking News

Rapò Nasyon-Zini : Koronaviris Lage 77 milyon Moun nan Mizè


António Guterres, Maputo
António Guterres, Maputo

Nasyon-Zini pibliye yon rapò madi pase pou di pandemi koronaviris lage yon lot 77 milyon moun nan mizè nwa ane pase e anpil peyi an vwa devlopman pa pral kapab rekanpe sou 2 pye yo akoz gwo lajan yap gen pou depanse pou repeye dett kap kokobe yo. Anplis de sa, enpak sila a tonbe anvan lagè Ikrenn-nan te mènm komanse.

Rapò a presize ke peyi rich yo kapab remete ekonomi lakay yo sou pye apre pandemi-an nan jwenn gwo somm lajan prete ak yon to enterè ekstrèm-man ba. Sepandan, peyi pòv yo depanse plizè milya dola pou peye enterè sou dèt yo e to enterè pi wo lontan. Sa anpeche yo jwenn kòb pou yo depanse dekwa pou amelyore sistèm edikasyon ak swen sante, pwoteje anviwonnman-an dekwa pou redui inegalite sosyal lakay yo. Dapre rapò Nasyon Zini-an, genyen 812 milyon moun kap fè fas ak mizè nwa ak yon dola 90 pa jou ou mwenske sa nan ane 2019 e nan ane 2021-an nan mitan pandemi an, chif-la monte nan 889 milyon kretyen vivan.

Rapò sa a se sou finansman pou reyalize objektif developman Nasyonzuni pou lane 2030 ki gen ladann mete fen nan povrete, asire edukasyon de kalite pou tout jèn moun e reyalize egalite ant fi ak gason.

Se depatman ekonomik ak afè sosyal Nasyonzuni ki te pwodwi rapò sa a an kolaborasyon avek plis pase 60 ajans entènasyonal , pami yo sistèm Nasyonzuni ak enstitusyon finansye entènasyonal yo.

XS
SM
MD
LG