Accessibility links

Breaking News

Iran fè konnen li Enpoze Sanksyon Samdi kont 24 Ameriken


GOP 2016 Trump
GOP 2016 Trump

Iran fè konnen li enpoze sanksyon samdi kont 24 ameriken pami yo chef eta major lame a, George Casey e avoka ansyen prezidan Donald Trump Rudy Giuliani nan moman chita tande pou resisite akò nikleyè a bloke.

Preske tout moun yo site yo se te otorite nan administrasyon Trump la ki te enpoze sanksyon sou otorite iranyen, politisyen ak konpayi e ki te wetire Etazini nan ako nikleyè Iran an avek pwisans mondyal yo. Nan yon deklarasyon media lokal yo pibliye, minis afe etranjè iranyen an akize ameriken yo sanksyone yo ki gen pami yo gwo pèsonalite biznis ak politisyen ki apiye gwoup teroris ak zak latèrè kont Iran ak zak represiv Izrayèl nan rejyon an ak kont palestinyen yo.

11 mwa chita tande endirèk ki dewoule ant Iran avek Etazuni nan Vienne pou sove akò 2015 la bloke nan moman tou 2 pati yo di Washington ak Teheran egzije desizyon politik yo pou rezoud rès kesyon ki poko rezoud yo.

XS
SM
MD
LG