Accessibility links

Breaking News

Eleksyon Prezidansyel Costa Rica: Yon Ansyen Minis Finans Bat Ansyen Prezidan Peyi a


Rodrigo Chaves durante una conferencia este domingo en el Colegio de Periodistas. Foto Houston Castillo, VOA
Rodrigo Chaves durante una conferencia este domingo en el Colegio de Periodistas. Foto Houston Castillo, VOA

Yon ansyen minis finans nan Costa Rica kale youn nan ansyen prezidan peyi a nan yon dezyèm tou eleksyon prezidansyel ki dewoule dimanch ki sot pase a dapre rezilta preliminè ki soti nan vot la, sa ki pa fè elektè yo twò chofe.

Apre 95 pousan stasyon vot yo fin rapote rezilta yo, Rodrigo Chaves gen 53 pousan vot yo kote li devan Jose Figueres ki gen 47 pousan, dapre tribunal supreèm elektoral la. Plis pase 42 pousan moun Costa Rica ki kalifye pou vote yo pat vote.

Figueres pa te tann unèdtan apre rezilta yo te komanse tonbe pou-l aksepte defèt li nan moman Chaves ki t-ap moute nan rezilta yo te suprann tout moun apre li te fin rive an dezyèm pozisyon apre Figueres nan premye tou vot la nan dat 6 fevriye pase.

Figueres ki te dirije Costa Rica ant ane 1994 e 1998 reprezante Pati Liberasyon Nasyonal la tankou papa li Jose Figueres Ferrer ki te prezidan pandan 3 fwa . Chavez te sevi pou yon ti tan nan administrasyon prezidan sotan an Carlos Alvarado e li reprezante Pati Pwogrè Demokratik Sosyal la.

XS
SM
MD
LG