Accessibility links

Breaking News

Antony Blinken te Tanmen yon Vwayaj Ann Izrayel


Blinken Mideast
Blinken Mideast

Sekretè deta Etazuni Antony Blinken tanmen yon vwayaj nan Mwayenn Oryan yè dimanch la ann Izrayel kote li pral patisipe nan yon somè ki pa abitye fèt, ant Israyel ak peyi arab yo e pou-l fè chita-tande avek patnè nan rejyon an sou chita tande Nikleyè avek Iran an ki bloke e sou envazyon Larusi nan Ukrèn nan

Blinken pral rankontre avek premye minis Izrayelyen Naftali Bennet e ak minis afè etranjè peyi a Yair Lapid nan premye etap yon vwayaj li nan Mwayenn Oryan an ak nan nò Afrik la, kap dure jiska 30 Mas.

Chita-tande nukleyè yo te preske rive nan yon antant, sa gen plizyè semèn, jiskaske Larusi te fè Etazuni kèk ekzijans nan denye minit , kote li te ensiste pou-l di sanksyon yo enpoze kont Moskou akoz envazyon Ukren nan pa dwe afekte komès li avek Iran.

Lapid pral resevwa blinken avek tokay yo nan Emira arab Uni, Bahrain ak Marok nan yon retret nan dezè izrayelyen pou diskite sou koman pou ameliore koperasyon yo . 3 nasyon arab yo se manm sa ki rele akò Abraham yo; akò ke administrasyon Trump la te patwone nan lane 2020 pou nòmalize relasyon yo avek Izrayel

Minis afè etranjè Ejyp la, peyi ki sot make 43 zyèm anivesè lapè avek Izrayel, pral patisipe nan somè a tou.

Vizit Blinken nan vini nan moman relasyon yo avek plizyè peyi nan Mwayenn Oryan an ap fè fas a kèk defi kote alye enpotan tankou Izrayel ak Emira Arab Uni ap poze kesyon sou angajman administrasyon Biden nan vizavi rejyon an.

XS
SM
MD
LG