Accessibility links

Breaking News

Volodimyr Zelenskyy, Konpare Sitiyasyon Peyi l ak Atak Pearl Harbor


Zelensky
Zelensky

Lidè ikrenyen, Volodimyr Zelenskyy, konpare sitiyasyon sitwayen peyi l ap fè fas jodi a menm jan ap sitiyasyon pèp ameriken an te konnen pandan atak Pearl Harbor la ak 11 Septanm 2001 an.

Lidè ikrenyen an raple syèl la te tou nwa akoz prezans avyon de gè ki te nan syèl la pandan atak Pearl Harbor la san bliye atak 11 Septanm 2001 an lè teworis te itilize 3 avyon komèsyal pou atake Etazini.

Se te 2 moman terib nan lavi pèp ameriken an lè demon te chanje vil yo, teritwa endepandan an chanm batay. Msye Zelenskyy, palmantè 2 pati yo te aplodi, rapousib pou di jodi a popilasyon plizyè vil peyi nou tankou Mariupol ak Kharkiv gen 3 semen depi y ap viv menm eksperyans la nan moman larisi ap lage kout mòtye sou yo.

Larisi transfòme espas ayeryen ikrenyen an tankou yon sous lanmò pou popilasyon an.

Lidè ikrenyen an mande kongrè a pou l fè plis pou ede Ikrèn batay ak Larisi. Nou bezwen w kounye a -jodi a menm. Mwen mande w pou w fè plis.

Li mande pou sanksyon adopte kont politisyen ris yo.

Prezidan Zelenskyy voye yon mesaj dirèk pou prezidan biden li di si w se lidè mondyal, ça vle di ou se lidè lapè. Msye Zelenskyy ensiste pou gen yon espas ayeryen kote avyon pa kapab vole pou rezon imanitè.

Prezidan joe biden reziste pou l deplwaye avyon de gè ameriken ann ikrèn pou evite risk pou gè a pa eskalade.

Lidè ikrenyen an mete mesaj sa a devan Kongrè 24è apre Prezidan Joe Biden siyen yon pwopozisyon lwa 1 pwen 5 trilyon dola fonksyonman gouvènman ki gen ladann prèske 14 milya asistans militè ak imanitè pou Ikrèn.

Yon delegasyon ewopeyen ki te gen ladann premye minis polonè, Repiblik Tchèk ak sloveni retounen lakay yo apre finn rankontre lidè ikrenyen an.

Objektif vizit sa a se te pou pote sipò peyi manm Inyon Ewòp la bay gouvènman an ak pèp ikrenyen an.

Minis defans peyi manm l’otan yo reyini dijans nan vil Brussèl pou diskite gè a ann Ikrèn.

Konsènan chita pale lapè a, k ap dewoule pou yon 3èm jounen pa vizyon konferans, prezidan ikrenyen an Zelenskyy deklare negosasyon yo dapre li komanse vinn pi reyalis tandiske minis afè etranjè ris la Sergei Lavrov bò kote pa l fè konnen pwopozisyon y ap diskite kounye a prèske debouche sou yon akò.

XS
SM
MD
LG