Accessibility links

Breaking News

2 Responsab Militè Malyen Vizite Larisi


MALI-UNREST-POLITICS
MALI-UNREST-POLITICS

2 Responsab militè Malyen te vwayaje diskrètman nan peyi Larisi pou rezon ke yo pa kominike ofisyèlman.

Pandan ke LaRisi nan lagè avek vwazen li Ikrén Minis Defans malyen an, Kolonèl Sadio Camara, ak Chèf Etaf Fòs Ayeryen an, Kolonèl Alou Boï Diarra, te vizite Moskou pou te diskite sou ekipman Larisi te delivre nan dènye mwa yo pou fòs Malyen batay avek bandi jihadist, e yo te diskite tou sou lòt livrezon ekipman militè.

Mali, te plonje depi 2012 nan yon gwo kriz ensekirite avek menas Jihadist yo nan rejyon Sahel la, nan dènye mwa yo, otorite malyen te vire do bay peyi La Frans ak patnè Ewopeyen li yo n, epi li te mande Larisi èd pou konbat Jihadist yo.

Larisi te bay Mali omwen 4 elikoptè ak zam. Lafrans ak patnè li yo denonse bò kote pa yo rekou ki fèt la kote "militè Junt " te chwazi pou pran èd nan men Larisi olye de yomenm.

Otorite malyen yo te itilize sèvis konpayi sekirite prive Ris Wagner.

Apèl pou sèvis Wagner a se youn nan rezon Lafrans ak patnè Ewopeyen li yo bay pou eksplike retrè sòlda yo nan Mali.

Mali semèn pase se youn nan peyi ki te deside pa vote pou yon rezolisyon l'ONU te adopte kont Larisi pou deplwaman militè li kay vwazen li Ikrèn.

XS
SM
MD
LG