Accessibility links

Breaking News

Venezuela Lage 2 Ameriken ki te nan Prizon


A police officer gestures near the site of an explosion near the Camilo Daza Airport in Cúcuta
A police officer gestures near the site of an explosion near the Camilo Daza Airport in Cúcuta

Venezuela lage madi pou pi piti 2 Ameriken ki te nan prizon, dapre moun ki abitye ak sityasyon an, nan sa ki sanble yon jès bonne volonté vizavi administrasyon Biden nan apre vizit yon delegasyon wo-nivo ameriken nan kapital la Caracas.

Yo idantifye youn nan prizonye ki lage yo kòm Cardenas, youn nan 6 ekzekitif konpayi petwòl Citgo ki te jwenn arestasyon yo an 2017 e jwenn kondanasyon anba akizasyon ke, dapre sous ki site gouvènman ameriken an, Venezuela te fabrike.

Rankont yo ki te fèt pandan wikenn nan te santre sou pa sèlman sò Ameriken ki anba kòd nan Venezuela, men tou sou posiblite pou lache sanksyon Etazini mete sou petwòl k ap soti lakay manm OPEP la, yon pwòch alye LaRisi, pou konble vid ki pwal gen nan gaz ki sou mache Etazini an, depi Prezidan Joe Biden fin entèdi enpòtasyon petwòl ris kòm repons pou envazyon Moskou nan Ikrèn nan.

Pa te gen nouvèl touswit sou ki kote prizonye ki fèk lage yo ye. Washington t-ap chache liberasyon pou pi piti 9 mesye, pami yo gwoup ki rele "Citgo-6" la, 2 ansyen Berè Vè (kidonk sòlda Nasyon Zini) ak yon ansyen merin ameriken.

XS
SM
MD
LG