Accessibility links

Breaking News

Lame Ris la pran Kontwòl Yon Santral Nikleyè Ikrenyen


A damaged administrative building of the Zaporizhzhia nuclear power plant in Enerhodar, Ukraine, is seen in this handout photo released March 4, 2022.
A damaged administrative building of the Zaporizhzhia nuclear power plant in Enerhodar, Ukraine, is seen in this handout photo released March 4, 2022.

Ikrèn akize Larisi apre yon atak nan mitan lannwit sou santral Nikleyè Zaporozhye, ki se pi gwo santral an Ewòp. Atak sila a te bay anpil laperèz paske otorite yo te pè pou sa pa kreye yon dezas pou popilasyon an.

Prezidan Vladimir Zelensky te deklare "Nou te siviv yon nwit ki te kapab fini ak istwa Ikrèn. Istwa Ewòp la ": te gen yon eksplozyon santral Nikleyè Zaporozhye ki sitiye li nan sid Ikrèn."

Vandredi, lame Ris la te pran kontwòl santral Zaporozhye kote atak yo, dapre kek Ikrenyen di, te lakòz yon dife pandan nan lannwit lan. Nan kòmansman jounen an, otorite Ikrenyen yo te fè konnen ke dife sa ki te pran nan yon laboratwa ak yon bilding fòmasyon te vin etenn e ke pa gen okenn tras radyoaktif yo te detekte.

Enfòmasyon sa te vin konfime pa Ajans Entènasyonal Enèji Atomik (IAEA) ke pa gen okenn ekipman "esansyèl" ki te domaje.

Men, dife sa a te kontribye nan enkyetid k ap grandi nan l"Oksidan yo fas ak yon konfli ki kounye a ap vale tout Ikrèn, ak yon lis de pli zan pli long nan vil bonbade, nan nevyèm jou a nan envazyon Ris la.

XS
SM
MD
LG