Accessibility links

Breaking News

Fòs Ris yo Bonbade Divès Vil nan Ikrèn


Los bomberos trabajan para extinguir un incendio en el edificio de la Universidad Nacional de Kharkiv, dañado por los recientes bombardeos, en Kharkiv, Ucrania, el 2 de marzo de 2022.
Los bomberos trabajan para extinguir un incendio en el edificio de la Universidad Nacional de Kharkiv, dañado por los recientes bombardeos, en Kharkiv, Ucrania, el 2 de marzo de 2022.

Fòs ris yo bonbade divès vil nan Ikrèn jodi mèkredi a, pandan otorite ris yo fè konnen yo pare pou yon lòt seri chita-koze ak Ikrèn e pandan yon gwo lidè opozisyon ris la ekzòte moun nan LaRisi ak nan tout mond la pou yo manifeste chak jou kont envazyon Ikrèn nan.

Vyolans jodia te gen ladann bonbadman vil Mariupol nan sidès peyi a, e nouvèl ke nou pa rive konfime fè konnen Ris yo sezi vil Kherson.

Nan yon video ki parèt jodia, Prezidan Ikrèn nan Volodymyr Zelenskiy fè sonje yon bonbadman ki fèt madi ki frape yon antèn televizyon nan Kyèv sou kote moniman olokos la Babi Yar.

Zelenskiy, ki se Jwif, mande Jwif yo pou yo pa fè silans sou sa k-ap pase nan Ikrèn. Li te mande madi pou LaRisi dabò sispann batay yo pou bay negosyasyon yo yon chans.

Yon pòtpawòl Alexy Navalny ki toujou kritike Kremlen an depi lontan, poste sou kont Twitter lidè opozisyon ki nan prizon an ke Prezidan Vladimir Putin "se pa LaRusi" e ke pèp la "paka tann plis" pou manifeste kont envazyon an.

XS
SM
MD
LG