Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Ayisyen an Eksprime Prewokipasyon l Sou Sitysyon Ikrèn nan


Minis Afè Etranjè ak Kilt Ayisyen an Jean Victor Geneus
Minis Afè Etranjè ak Kilt Ayisyen an Jean Victor Geneus

Minis Afè Etranjè ak Kilt Ayiti a pibliye yon deklarasyon kote li eksprime kè sote li pa rapo ak sityasyon an sou frontyè Ikrèn nan.

GouvènmanAyisyen an "egzote pati konsène yo pou yo aji ak retni epi evite angaje nan aksyon ki taka destabilize rejyon an, menase lapè epi afekte komès mondyal la," deklrasyon an di.

Gouvènman Ayisyen an lanse apèl tou pou entansifye jefò diplomatik pou jwenn yon solisyon pasifik ki respekte souvrènte ak entegrite teritoryal Ikrèn.

Deklarasyon kontinye "Repiblik Ayiti reyafime atachman li ak nòm ak prensip Dwa Entènasyonal yo ak respè pou Chat Nasyonzini an, ki se sèl bagay ki ka garanti lapè ak sekirite mondyal la"

XS
SM
MD
LG