Accessibility links

Breaking News

Men yon Egzanp Destriksyon ak Lamò Atak La Risi kont Ikrèn Koze


Yon Egzanp Destriksyon Atak Ris la nan Ikrèn Koze
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:30 0:00

Yon Egzanp Destriksyon Atak Ris la nan Ikrèn Koze

La Risi lanse yon atak sou Ikrèn Jedi ki frape vil ak baz ak atak militè ki lakòz sitwayen kouri pran tren oubyen monte nan machin pou chape poul yo.

Gouvènman Ikrenyen an deklare tank ak twoup Ris yo travèse frontyè a pou tanmen yon "lagè total" ki taka chanje lòd jeyopolitik la e ki takapab gen konsekans toupatou nan mond lan.

Videyo sa a ke Biwo Prezidansyèl Ikrenyen an montre yon atak sou yon santral enèji pwisan.

Vil Chuhuiv soufri gwo dega akòz atak la. Gen sivil ki mouri tou.

Prezidan Vladimir Putin lanse agresyon pi agresiv le mond janm konstate depi envazyon Sovyetik nan peyi Afghanistan an 1979.

Li te voye jete kondanasyon global ak lavalas nouvo sanksyon yo epi menase tout peyi etranje ki eseye foure bouch yo nan koze sa a.

LOTAN dekri envazyon an tankou yon zak lagè brital ki kraze lapè nan Ewòp.

XS
SM
MD
LG