Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon Anti COVID: Chofè Gwo Kamyon Etazini Planifye pou yo Kondi nan Direksyon Washington DC


Senior instructor Markus Juarez, bottom, talks to student driver Jaime Rojas at California Truck Driving Academy in Inglewood, Calif., Nov. 17, 2021.
Senior instructor Markus Juarez, bottom, talks to student driver Jaime Rojas at California Truck Driving Academy in Inglewood, Calif., Nov. 17, 2021.

Chofè gwo kamyon Etazini yo ki pran yon siyal nan manifestasyon ki te paralize kapital Kanada a pandan plizyè semèn ap planifye pou yo kondi 4 mil kilomèt nan direksyon Washington DC pou proteste kont restriksyon koronavirus yo.

òganizatè “People Convoy” konvwa pep la di yo vle relanse ekonomi an e relouvri peyi a . Vwayaj yo a kap dire 11 jou pral proche pre Beltway a nan alantou kapital Etazini an nan dat 5 Mas kap vini an men li pa pral antre nan Washington DC daprè yon komunike.

Pentagon nan di madi ki sot pase a ke li apwouve 400 solda gad nasyonal DC pou bay supò nan pos trafik yo deziye yo, yap bay kòmand ak kontwol e yap bay tout sèvis ki nesesè a pati 26 fevriye pou rive 7 Mas.

Yo apwouve tou apeprè 50 gwo kamyon blende pou yo estasyone nan pos sikilasyon yo.

Brian Brase, yon chofè gwo kamyon ki se youn nan oganizatè yo di kelkeswa kote gwo kamyon yo estasyone a nou pa prale okennn kote jiskaske yo satisfè egzijans nou yo. Pami egzijans sa yo, gen yon fen nan obligasyon pou moun pran vaksen COVID-19 ak pou mete mask.

XS
SM
MD
LG