Accessibility links

Breaking News

Gad Nasyonal la Pral Ede Washington DC Kontwole Trafik Gwo Kamyon yo


Virus Outbreak Maine
Virus Outbreak Maine

Depatman Defans ameriken an bay apwobasyon li pou yon detachman 700 manm Gad Nasyonal la ki pa ame pran pozisyon atravè Washington D.C., nan moman otorite vil la ap fè preparasyon pou yo resevwa plizyè kamyon ak gwo bis ki pral vin nan kapital la semèn pwochèn nan avèk manifestan k ap pwoteste kont obligasyon pou moun pran vaksen kont KOVID-19.

Pentagòn nan fè konnen minis Lloyd Austin apwouve yon demand gouvènman District Columbia a (Washington D.C.) avèk Polis Kongrè ameriken an te fè nan sans sa a.

Daprè Pentagòn nan toujou, twoup gad yo pral gen pou bay konkou yo nan travay pou kontwole sikilasyon an. Se konsa 400 manm Gad Nasyonal Washington nan pral pote kole avèk 300 lòt gad k ap sòti nan divès eta.

Delegason kamyon ak bis sa yo pral pran beton an apre chofè parèy yo o Kanada te lanse yon mouvman pwotestasyon menm jan kont restiksyon KOVID gouvènman kanadyen an enpoze.

XS
SM
MD
LG