Accessibility links

Breaking News

Etazini:Kanpay Vaksinasyon yo Diminye


FILE PHOTO: Illustration shows vial labelled "Sinopharm COVID-19 Vaccine\
FILE PHOTO: Illustration shows vial labelled "Sinopharm COVID-19 Vaccine\

Kanpay Vaksinasyon kont KOVID-19 la preske rive nan yon pwen mò Ozetazini, epi demand pou vaksen yo rete o-bo-fiks nan rejyon konsèvatè yo nan peyi kote anpil moun pa t enterese nan pran vaksen pou kòmanse.

Nan Awondisman Marion, Eta Alabama, se 14 moun sèlman ki te prezante nan biwo Ministè Sante Piblik la pou yo te pran premye vaksen yo pandan 6 premye semèn ane a.

Obligasyon gouvènman an ak patwon travay yo fè anplwaye yo pou yo pran vaksen, debouche sou pwosè nan tribinal e jijman yo ka rive byen lwen nan sistèm jistis la.

Nan moman kantite moun ki trape KOVID yo, ospitalizasyon yo avèk ka lanmò yo ap bese atravè tout peyi a, moun ki kont vaksinasyon yo pa tèlman wè yon rezon pou yo chanje lide yo.

XS
SM
MD
LG