Accessibility links

Breaking News

Nijerya: Lapolis Detwi 255 Ekta Jaden Mariwana


DOUNIAMAG-NIGERIA-DRUGS-RELIGION-HOSPITALS
DOUNIAMAG-NIGERIA-DRUGS-RELIGION-HOSPITALS

Ajans Anti-Dwòg Nijeryen an anonse sou Twitter ke li te detwi plis pase 250 ekta jaden mariwana nan Eta Ondo, e otorite yo te arete 13 moun.

"Nan yon gwo operasyon nou te mennen ki te dire 7 jou, ofisye NDLEA yo te detwi an total 255 ekta jaden mariwana ki te nan 5 zòn gouvènman lokal eta Ondo a".

Pandan plizyè ane, popilasyon an nan sid peyi Nijerya kiltive Marigwana, malgre li se yon prodwi ki ilegal. Kiltivasyon marigwana kreye yon bès nan pou pwodwi tankou kakawo, kawotchou, manyòk, ak yanm.

Nijerya, ki gen 220 milyon abitan, se youn nan peyi ki gen plis moun ki fimen Marigwana nan mond lan.

XS
SM
MD
LG