Accessibility links

Breaking News

Grann Bretay Retire Tout Restriksyon COVID-19 yo


Downing Street in London
Downing Street in London

Jan ke yo tap atann nan, premye minis Britanik la, Boris Johnson anonse yè lendi a finisman tout restriksyon andan peyi a kont COVID-19 a pati 24 Fevriye kap vini an, e li p-ap menm ekzije pou moun ki teste pozitif pou enfeksyon an izole tèt yo.

Pandan Johnson tap pale devan palman an, li fè konnen peyi a pral kontinye ankouraje moun ki teste pozitif yo oubyen ki gen sentòm pou yo rete lakay yo --- omwen jiska premye Avril, lè gouvenman an pral senpman ankouraje moun ki fè tès pozitif oubyen ki gen sentòm pou yo pran responsablite pèsonèl yo. Jou sa a, gou-venman an pral sispann peye pou tès COVID-19.

Kèk ekspè avek kèk politisyen opozisyon bay avetisman pou di mete fen nan tout tès e nan chache koneksyon moun ki gen enfeksyon an, sa pral febli kapasite pou retrase maladi a e reponn nenpot nouvo vag enfeksyon.

Nouvèl sa vini nan moman yon potpawol Jodani fè konnen premye minis Bishr al-Khasawneh teste pozitiv pou COVID-19 yè lendi a pandan li tap vizite Ejypt. Yo di li pat gen oken sentom vizib . Premye minis la nan vil Kèr kote li nan tèt delegasyon peyi li k-ap fè chita tande sou kowoperasyon avek otorite ejypsyen yo. Li te rive nan peyi a Jedi ki sot pase a.

Potpawol gouvenman Jòdani an di rankont al-Khasawneh avek prezidan Abdel Fattah el-Sissi a te anile e premye minis la pral izole tèt li lè-l retounen nan kapaital peyi li Amman.

Sant resous Koronavirus Johns Hopkins rapòte byen bonè yè lendi a ke li anrejistre plis pase 425 milyon ka enfeksyon covid-19 nan mond lan ak preske 6 milyon ka lanmò. Sant lan di gen plis pase 10 milya vaksen ki ale nan bra moun.

XS
SM
MD
LG