Accessibility links

Breaking News

La Jistis nan Joji Kondane 3 Blan a Vi pou Asasinay Ahmaud Arbery


GEORGIA-ASESINATO-JUICIO
GEORGIA-ASESINATO-JUICIO

3 mesye blan ki anba kondanasyon pou asasinay nwa Ahmaud Arbery te aji ak "kolè pou rezon rasyal" lè yo te kouri dèyè jenn gason an pandan yo te wè l ap fè jogging nan kominote yo a nan eta Jòji. Se sa yon komisè gouvènman an di manm jiri yo nan pwosè pou krim rayisman an lendi.

Avoka defans yo deklare kliyan yo a, malgre li gen yon dosye ki long, chaje ak pawòl rayisman ke li te di nan tribinal la, li te pouswiv Arbery kòm sispèk akoz konduit li, pa akoz ras li.

Jij Lisa Wood te voye jiri a ki gen majorite blan al fè deliberasyon lendi apre-midi apre yo te fin koute kèk èd-tan depozisyon final nan jijman pou konnen si aksyon brigad vijilans kont yon Nwa nan ka sa a te travèse liy vyolans ki gen motivasyon rasyal dèyè l jan lwa federal Etazini defini l.

Akize yo - Travis McMichael ki gen 36 lane; papa l Gregory McMichael, 66 lane, ak vwazen William Bryan, alias Roddie, 52 lane, deja anba kondanasyon pou asasinay nan tribinal eta Jòji e anba santans prizon avi nan yon pwosè ki te fèt deja, ki te soulve anpil kesyon rasyal e ki te santre sou prèv ke sete yon asasinay.

XS
SM
MD
LG