Nan yon deklasyon anbasadè ameriken an nan vil Meksiko, Ken Salazar, pibliye nan wikenn nan, li di “Lèzetazini pran desizyon an apre 2 peyi yo te mete yo dakò “pou yo pran dispozisyon ki pou garanti sekirite” enspektè pwodui agrikòl yo ki la pou chache gen asirans ke zaboka meksiken yo pa gen maladi oubyen ti bèt ki ta ka domaje plantasyon zaboka Ozetazini.
Semèn pase a enspeksyon yo te sispann apre youn nan enspektè ameriken yo te resevwa menas nan Eta Michoacan ki nan pati lwès Meksik e kote katèl dwòg yo abitye tòde men plantè yo pou pran lajan yo.