Accessibility links

Breaking News

Ki lè Pandemi Coronavirus la ap Fini?


শাহজালাল বিমানবন্দর, ঢাকা (ফাইল ছবি)।
শাহজালাল বিমানবন্দর, ঢাকা (ফাইল ছবি)।

Se yon kesyon anpil moun poze pandan preske 2 zan: ki lè pandemi coronavirus la ap fini.

"Si nap pale nan domèn epidemioloji , nou pa konnen. Petèt nan yon lot mwa ou 2 si pa gen oken lot variant ki bay kè sote ki parèt, omwen isit la nan Etazini", dapre J. Alexander Navarro asistan direktè Sant sou istwa Medsin nan Universite Michigan.

Sosyalman, mwen panse nou gen lè deja nan pwen sa a kote pandemic an fini. Anpil eta retire restan obligasyon pou moun mete mask la. Nou wè moun pratikman ap viv lavi yo.

Rive nan dat 16 fevriye 2022, apeprè 78 milyon moun nan Etazini te trape COVID-19 e 923 mil 67 nan yo mouri. 76 pousan populasyon Etazini an resevwa omwen yon doz vaksen covid-19 daprè Sant Kontwol ak Prevansyon malady CDC.

Sara Sawyer Yon profesè bioloji molekilè selilè ak developman nan Universite Boulder nan Kolorado dakò ke nou ka finalman wè fen li petèt an pati gras a Omicron an yon varyan Covid-19 ki te parèt nan mwa novanm 2021.

Li di: "Sa ki pase a, anpil moun ki te fè rezistans kòmkwa yo pa te vle pran vaksen, e yo te pran vaksen paske gen anpil moun ki te enfekte nan vag sa a. Kidonk sa pwal fè li vrèman difisil pou virus la gaye nan gwo vag jeyan sa yo tankou Omicron ankò paske nou gen anpil moun ki te gen rezistans akoz enfeksyon yo te gen deja oubyen akoz vaksen yo te pran."

Kèk ekspè predi ke plis pase 70 pousan moun nan Etazini swa vaksinen oubyen refè anba enfeksyon koronavirus la, dapre Swayer. Li ajoute ke yon ekstra bonus pou moun ki gen

yon enfeksyon kounye a sèke yo develop systèm defans pi sofitiske kont virus la.

Yo konsidere yon pandemic fini lè virus la tounen yon andemi, kidonk li ap toujou la men ke se pa tout moun k-ap gen li.

XS
SM
MD
LG