Accessibility links

Breaking News

Konsèy Sekirite LONU Mande pou Mennen Moun ki Responsab pou Vyolans ann Ayiti Devan la Jistis


Helen La Lime, Reprezantan Espesyal Sekrete Jeneral Nasyonzini pou Ayiti ak direktris Biwo Entegre Nasyonzini pou Ayiti a, BINUH pale sou sityasyon an ann Ayiti devan Konsey Sekirite LONU an, Vandredi, 18 Fevriye 2022.
Helen La Lime, Reprezantan Espesyal Sekrete Jeneral Nasyonzini pou Ayiti ak direktris Biwo Entegre Nasyonzini pou Ayiti a, BINUH pale sou sityasyon an ann Ayiti devan Konsey Sekirite LONU an, Vandredi, 18 Fevriye 2022.

Konsèy Sekirite Nasyonzini an lanse apèl pou responsab Ayisyen yo mennen devan la jistis tou moun ki responsab pou zak vyolans yo. Konsèy la eksprime tou gwo kè sote pou "kriz kap kontinye e ogmante" nan peyi a, pami yo zak vyolans gang yo ap komèt.

Manm konsèy la mande politisyen yo "patisipe yon fason konstriktif pou jwenn solisyon pou koz ensekirite a epi trase yon chemen pou eleksyon ka dewoule".

Direktris BINUH Eksprime Ke Sote li pou Sityasyon Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:56 0:00

Konsèy Sekirite a pibliye yon nòt pou laprès apre rankont li te fè Vandredi a, kote Anvwaye Espesyal Sekretè Jeneral la, Helen La Lime te dekri sityasyon an ann Ayiti kom "pwoblematik e trè politize".

Madan La Lime di "zak vyolans gang yo kontinye plonje vil peyi a nan yon sityasyon kote krim komèt ak enpinite epi simen dèy nan mitan popilasyon an."

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG