Kounyela a, sistèm iminitè plizyè milyon ameriken rekonèt viris la e yo kapab konbat li si li vini sou fòm omikwonn oubyen yon lòt varyan.
Yon etid serye te pran an konsiderasyon vaksinasyon, nouvo enfeksyon yo ak lòt faktè pou li kalkile ke, pou lemoman, 73% Ameriken pa ka trape omikwonn e disi mitan mwa mas la chif la ka monte rive jiska 80 %.
An tou ka, nan moman popilasyon an gen pi bon pwoteksyon, plizyè dizèn milyon moun pa pwoteje, paske yo pa vaksinen oubyen yo poko janm enfekte.