Accessibility links

Breaking News

Yon Jij nan New York Deside Donald Trump, epi Pitit li yo Donald Trump Jr. ak Ivanka, Dwe Paret Devan la Jistis


Foto Achiv: Donald Trump ap suiv pandan pitit fi li, Ivanka Trump, pale pandan yon miting politik nan vil Kenosha, eta Wisconsin, 2 Nov. 2020.
Foto Achiv: Donald Trump ap suiv pandan pitit fi li, Ivanka Trump, pale pandan yon miting politik nan vil Kenosha, eta Wisconsin, 2 Nov. 2020.

Yon jij nan lakou New York te deside Jedi ki sot pase la ke Donald Trump ansanm ak de nan pitit li yo, Donald Trump Jr. ak Ivanka, dwe paret devan la jistis pou temwaye nan kad ankèt sivil ke pwosekitè vil New York la tap menen sou zafe aktivite peye taks ke gwoup Òganizasyon Trump tap jere .

Apre yon odyans pa videokonferans, jij la te rejte demann patizan Trump yo te fe pou ta anile demann komisè Letitia James te fè a pou Trump ak pitit li yo vin temwanye kòm rezilta, Jij Arthur Engoron te bay lòd pou Donald Trump "vin temwaye nan 21 jou apre desizyon sa a" ki vle di anvan 10 mas. Lòd sa a aplike tou pou pitit li yo.

45yèm Prezidan Etazini (2017-2021) ka fè apèl kont desizyon sa a.

Nan kad ankèt sa a ki te louvri an 2019, komisè Letitia James, yon manm nan pati Demokrat la, te anonse nan mwa janvye "ke li te dekouvri prèv enpòtan ki sijere ke Donald J. Trump ak Òganizasyon Trump la bay manti ak fe fwod sou valè yon kantite byen. yo genyen yon fason pou yo peye mwens taks sou yo.


"Lajistis dwe genyen batay sa", Letitia James felisite tet li nan yon not pou la laprès, li te ajoute ke "pa gen moun ki pi wo pase lalwa a".

XS
SM
MD
LG