Accessibility links

Breaking News

Yon Jij Pwal Anile yon Pwosè pou Difamasyon Sarah Palin te Antreprann Kont Jounal New York Times


Sarah Palin, 2008 Republican vice presidential candidate and former Alaska governor, exits the United States Courthouse in New York
Sarah Palin, 2008 Republican vice presidential candidate and former Alaska governor, exits the United States Courthouse in New York

Yon jij di li pwal anile yon pwosè pou difamasyon ke ansyen Gouvènè Alaska Sarah Palin te antreprann kont jounal New York Times, kote li te akize jounal la pou domaj nan repitasyon li ak yon editoryal ki akize-l an fo kòmkwa pawòl li te di nan kanpay li te lakoz 2 tire ki te fèt, youn nan Washington, lòt la nan Arizona, kote politisyen te viktim.

Jij la di Palin pa pwouve ke New York Times te fè espre, yon pwen enpòtan nan pwosè pou difamasyon ki enplike pèsonalite piblik.

Jij Distri Federal Jed Rakoff pran desizyon-an pandan yon jiri t-ap fè deliberasyon toujou nan yon pwosè k-ap dewoule nan New York City, kote ansyen gouvènè Alaska-a ak ansyen kandida pou Vis-prezidan-an te temwaye semèn pase a.

Palin te asiyen New York Times, kote li te di ke jounal la kraze karyè-li kòm kòmantatè politik ak konsiltan akoz editorial la ki te anfavè kontwòl zam apre Depite ameriken Steve Calise, yon Repibliken, te blese lè yon mesye ki pa vle wè pati sa-a te ouvè kout zam sou depite-a nan yon teren antrènman baseball nan Washington.

New Times di sete yon erè ki te pase e ke li pa-t fè sa ak move entansyon.

XS
SM
MD
LG