Accessibility links

Breaking News

Prezidan La Tiki, Recep Tayyip Erdogan, ap Vizite Emira Arab Uni


Turkish President Erdogan visits Albania
Turkish President Erdogan visits Albania

Prezidan tik la, Recep Tayyip Erdogan ap vizite Emira Arab Uni avek espwa li ka repare pwoblèm ki make relasyon antre yo.

Erdogan di vizit sa a nan Emira Arab Uni kap dure 2 jou e ki komanse yè lendi a gen objektif pou soulaje tansyon ak rivalite ki egziste depi plizyè lane avek eta Golf Persik la .

Li deklare avek vizit sa a La Tirki vle pwofite elan ke relasyon yo pran la a e fè pa ki nesesè pou-l mennen yo retounen nan nivo li di ke yo merite .

Tirki vin pi izole de jou an jou atravè Mwayen Oryan an akoz an pati supò li pou gwoup izlamis fratènite muzulman an, yon bagay ki lakoz enkyetid lakay plizyè lidè nan mwayen Oryan an.

Semèn pase a, media ki anfavè gouvenman te rapote ke plizyè swadizan ajan ki t-ap travay pou Iran te jwenn arestasyon yo nan Tirki nan yon operasyon kote Tirki ak Israel te pataje ransèyman pou dejwe yon plan ki te vize asasinen yon òm dafè tirk izrayelyen.

XS
SM
MD
LG