Accessibility links

Breaking News

Etazini Retire Prèske Tout Twoup li yo nan Ikrèn


Romania NATO Chief
Romania NATO Chief

Pòtpawòl Pentagòn John Kirby tanonse samdi ke Etazini te bay lòd pou 160 sòlda Ameriken ki t ap antrene fòs Ikrenyen pou yo kite peyi Ikrèn e "repozisyone yo nan yon lòt peyi nan Ewòp la ."

Sekretè Defans Ameriken an, Lloyd Austin, pran desizyon sa yo kom mezi prekosyon, pou sekirize sòlda nou yo.

Washington anonse ke yon envazyon Ris nan Ikrèn ka fèt "a nenpòt ki lè".

John Kirby anonse ke "Repozisyon sa a pa reprezante yon chanjman nan detèminasyon ke nou genyen pou nou sipòte fòs Ukrenyen."

Depi ane 2015, rezèvis ki soti nan Gad Nasyonal Ameriken te nan Ikrèn pou fòme lame Ikrenyen an, ansanm ak sòlda ki soti nan lòt peyi Òganizasyon Trete Nò Atlantik.

Byen bonè Samdi, Anbasad Ameriken an nan Kyev te bay lòd pou yo retire anplwaye li yo ki pa esansyèl nan peyi Ikrèn. Plizyè peyi Ewopeyen yo te rekòmande pou tout sitwayen l yo pou yo kite Ikrèn.

XS
SM
MD
LG