Premye atak ke nèg a zam yo te mennen se te nan yon veye ke fanmi viktim lan te òganize nan vandredi nan la sware, 3 moun pèdi lavi yo.
Dezyèm atak la fèt nan Samdi, nan yon legliz Pwotestan kote antèman an tap fèt la, yon lòt gwoup neg ak zam pete epi yo te pete katouch sou moun yo nan legliz la, 6 lòt moun rive pèdi lavi yo.
Viktim yo se 6 gason, 2 fanm ak 1 timoun.
Biwo pwosekitè te di laprès tou ke nan tou 2 fiziyad gen plizyè lòt moun ki blese.
Ciudad Juarez se youn nan vil ki pi vyolan nan peyi Meksik.
Plis pase 1,400 pèdi an 2021, pi fò nan yo se nan zafè gang ak trafik dwòg.