Accessibility links

Breaking News

O Venezuela Leta Pa Pwoteje Lanati


Venezuela Anonse Arestasyon 2 Ameriken
Venezuela Anonse Arestasyon 2 Ameriken

Dapre korespondan nou nan Karakas, Álvaro Algarra, yon eskandal ki konsѐnen kѐk òmdafѐ pwòch gouvѐnman Nicolas Maduro a, pete semѐn sa a apre piblikasyon kѐk foto ki montre selebrasyon yon anivѐse nesans ki te dewoule nan rejyon Gran Sabana.

Malgre yon gwo nivo povrete nan Peyi Venezuela, yon ti kantite moun jwenn mwayen itilizw kѐk lye touristik rezѐve pou yo òganize sa ki rele “selebrasyon elit” nan kѐk zòn ki fѐ pati patrimwān nasyonal rezѐve a.

Yon òganizasyon k ap defann lanati, SOS Orinoco, pibliye yon nòt kote li denonse sa l konsidere kòm “selebrasyon yon fѐt prive ilegal” nan somѐ Montay Tepuy, ki nan Pak Nasyonal Canaima. Foto fѐt sa yo pa t pran tan pou yo sikile sou rezo sosyal yo kote yo pwovoke plizyѐ santѐn kritik.

Direktѐ yon ONG ki rele Azul Ambientalista (Militan pou yon Ambyans Ble), Gustavo Carrasquel Parra, fѐ konnen ta sanble gouvѐnman an ap ankouraje devlopman “yon tourism ki pa dirab”.

Jose Matute, yon espesyalis nan domѐn pwoteksyon lanati, deklare aktivite sa yo se rezilta vilnerabilite legal etadedwa ki, dapre li, ap devlope nan peyi a, paske gen yon seri de lòt aksyon ilegal k ap fѐt an menm tan; pafwa aksyon ilegal sa yo fѐt avѐk konplisite ekip gouvѐnmantal la.


Korespondan nou Álvaro Algarra fini pa di devan gwo kantite kritik ki parѐt depi fѐt la te dewoule a, Minis Jistis la, Tarek William Saab, pase lòd, nan jounen jedi 10 fevriye a, pou otorite yo ouvri yon ankѐt sou dega ak domaj posib ki fѐt sou ekosistѐm nan nan Pak Nasyonal Canaima a.

XS
SM
MD
LG