Nwa ki manm Kabinè Prezidan Joe Biden yo te rasanble Jedi a l'okazyon Mwa Istwa Nwa Ameriken yo. Pandan evenman sa a yo te diskite sou wol yo jwe nan administrasyon an. Pami yo gen kèk ki fè listwa lè yo antre nan pos yo.
Aktris Taraji P. Henson, jwèz tenis pwofesyonèl Sloane Stephens ak jwèz WNBA Nneka Ogwumike te pran pa tou nan yon diskisyon separe sou enpotans sante mantal ak byenèt nan kominote Nwa a.
Chèf 6 depatman gouvènman federal la ak kèk lot ajans pi piti te pran pa nan diskisyon tab wond kote yo te mete aksan sou siyifikasyon lidèship yo nan fos militè yo, zafè etranje, ekonomi a ak lot domèn kle ki fè pati politik Etazini.