Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Libi: Yon Majorite Palmantè yo Apwouve Ansyen Minis Enteryè Fathi Bashagha pou Dirije Nouvo Gouvènman an

FILE - Libya’s interior minister Fathi Bashagha is interviewed, Jan. 6, 2021 in Tripoli.

Yon majorite nan palman peyi Libi apwouve ansyen minis enteryè Fathi Bashagha pou dirije yon nouvo gouvènman inite nasyonal.

Bashagha, yon islamis ak ansyen kòmandan milis ki se moun Misrata, sanble gen ase sipò fòs milisyen yo nan lwès peyi a pou-l ka fonksyone nan pòs la, malgre Premye-minis ki la a, Abdul Hamid Dbeibeh, refize desann.

Laprès nan Libi pibliye video sesyon palman an jedi nan bouk Tobruk nan lès peyi a, ki moutre prezidan palman an, Aguileh Saleh, ki ap anonse kote palman an apwouve nouvo premye-minis inite nasyonal la Fathi Gashagha ak yon majorite vwa.

Kèk minit apre, palman Libi a apwouve yon seri amandman nan konstitisyon an, ki pare teren pou eleksyon palmantè ak prezidansyèl nan 14 mwa. Eleksyon yo ki te fikse anvan sa pou 24 Desanm, te anile lè komisyon elektoral peyi a te anonse ke li pa te pare pou vòt la.

See all News Updates of the Day

Foutbòl : Karim Benzema Siyen Kontra ak Ekip Al-Ittihad nan Arabi Saoudit

BENZEMA

Yon lòt jwè ki ranpòte balon dò antre nan yon ekip nan Arabi Saoudit.

Karim Benzema ki gen 35 ane di ekip Real Madrid la orevwa e li al rejwenn ansyen koekipye li Cristiano Ronaldo nan Arabi Saoudit.

Petèt tou fanatik foutbòl yo nan peyi sa ap tann sipèsta entènasyonal Ajanten Lionel Messi pou al jwe nan peyi yo.

Messi siyen yon kontra pou 3 sezon ak ekip Al-Ittihad.

Imaj ki parèt sou rezo sosyal montre nan dat 6 Jen an Ballon d'Or 2022 a ki tap siyen yon kontra twazan ak Al-Ittihad nan Arabi Saoudit.

Iran Prezante Yon Misil Nikleyè Sipèsonik

Iran Prezante Yon Misil Nikleyè Sipèsonik
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:03 0:00

Loksidan denonse prezantasyon sou demach nikleyè Iran ki fè jodia yon prezantasyon espesyal .

Mond Foutbòl La Boulvèse Ak Depa Anpil Gwo Jwè

Mond Foutbòl La Boulvèse Ak Depa Anpil Gwo Jwè
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:15 0:00

Messi, Sergio Ramos, Karim Benzema Kraze yon Kite Sa ak klèb yo, PSG, Real Madrid epi Zlatan Ibrahimovic Mete Fen Ak Karyè li Aprè Sezon Li ak Milan AC.

Prens Eritye Jòdani Marye nan yon Seremoni Djak sou Djak

Yon pannkat ki gen potre Prens Eritye Jodani Hussein ak fiyanse li, achitek Saoudyenn Rajwa Alseif, nan Amman, kapital Jodani, 31 Me 2023.

Prens Eritye peyi Jòdani an marye ak pitit fi yon fanmi Saoudyen ki byen koni nan yon selebrasyon ki te dewoule nan pale a. Plizye manm fanmi wayal la ak gwo chabrak ak diyite ki soti toupatou nan mond lan te prezan.

Gwo foul moun te rasanble toupatou nan wayom nan pou we jen prenses la, ki se yon bel dam, nan moman yo tap prezante l bay yon odyans global.

 Prens Eritye Jòdani an Marye
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:37 0:00

Maryaj Prens Hussein, 28 an ak Achitek Saoudyenn Rajwa Alseif, 29 an, atire yon lis envite ki se wo loloy net - pami yo Prens William d Anglete ak madanm ni Kate.

Sepandan maryaj la gen tou, anpil siyifikasyon pou rejyon an. Li mete aksan sou kontinuite nan eta Arab sa a ke moun felisite pou stabilite gouvenman li, epitou rafrechi imaj monarchi a apre yon kont anme ki te dewoule andedan pale a.

Maryaj la taka menm ede Jòdani ranfòse lyen estratejik li ak vwazen li, Arabi Saoudit, ki rich epi chaje ak petwòl.

Zelensky nan Arabi Saoudit

Saudi Arabia Arab Summit

Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelensky anonse Vandredi ke li rive nan Arabi Saoudit pou patisipe nan somè Lig Arab la nan vil Jeddah anvan ke li ale Japon pou patisipe nan reyinyon G7 la.

Zelensky di sou kont Telegram li. "Mwen pral pale nan somè Lig Arab la. Mwen pral rankontre Prince eritye Mohammed bin Salman epi fè lòt chita pale."

Se premye vizit li nan rejyon an depi kòmansman envazyon Ris la 24 fevriye 2022 a.

Apre vwayaj li nan Arabi Saoudit, Volodymyr Zelenskyy espere ale an pèsòn nan somè G7 la nan Iwochima (Japon), kote lidè prensipal ekonomi Lwès yo deja anonse nouvo sanksyon pou trangle ekonomi Ris la.

Prezidan ikrenyen an fèk sot fè vire-won nan plizyè peyi ann Ewòp pou mande plis zam ak ekipman militè pou sipòte yon gwo kont-ofansif ki vize repran teritwa Larisi okipe yo.

Load more

XS
SM
MD
LG