Accessibility links

Breaking News

Somali: 6 moun Pèdi Lavi yo nan yon Atak Rebèl Jihadis Al-Shabaab


Un feu de joie est allumé dans une rue lors de la manifestation contre le président somalien Mohamed Abdullahi Mohamed à Mogadiscio, en Somalie, le 25 avril 2021.
Un feu de joie est allumé dans une rue lors de la manifestation contre le président somalien Mohamed Abdullahi Mohamed à Mogadiscio, en Somalie, le 25 avril 2021.

Sis moun rive pèdi lavi yo ak 12 lòt blese Jedi nan yon atak swisid ke gwoup rebèl jihadis Al-Shabaab la revandike, yo di se yo menm ki mennen atak sila.

Atak sa fèt sou wout ki mennen nan palè prezidansyèl la nan vil Mogadishu.

Abdullahi Muktar ki yon ofisyèl nan fòs sekirite vil la te di AFP, dapre sa li remake eksplozyon an te "touye sis moun ak 12 lòt moun te blese. Te gen anpil moun nan zòn nan lè eksplozyon an te fèt la, gen plizyè moun ki viktim".

Nan yon lòt deklarasyon ki soti nan sèvis anbilans Aamin, yo bay men chif ak ofisyèl nan fòs sekirite a sou kantite moun ki pèdi lavi yo nan atak sila, men sou kantite moun ki blese, yo menm bò kote pa yo, yo rapòte ke gen 13 moun ki blese.

Rebèl jihadis Al-Shabaab yo frape l'estomak yo, yo deklare se yo menm ki otè entelektyèl atak swisid sa, ki te te vize yon otobis ki t ap pote delege eleksyon yo ki t ap pase nan zòn sa a nan Mogadishu.

Mogadishu se yon zòn kote toujou gen plizyè atak teworis nan Somali.

XS
SM
MD
LG