Accessibility links

Breaking News

Travayè Faktori Ayisyen Fè Grèv Pou Mande Ogmantasyon Salè


Yon bisikis pedale bo kote kawotchou kap boule pandan manifestasyon travaye faktori Ayisyen yo kap mande ogmantasyon sale, nan Potoprens, Jedi 10 Fevriye 2022.
Yon bisikis pedale bo kote kawotchou kap boule pandan manifestasyon travaye faktori Ayisyen yo kap mande ogmantasyon sale, nan Potoprens, Jedi 10 Fevriye 2022.

Lapolis sèvi ak gaz lakrimonèn pou dezyèm jounen Jedi a pou kraze yon manifestasyon travayè ki tap fè grèv pou mande ogmantasyon salè nan pak endistriyèl Pòtoprens la.

Travayè faktori ki pwodwi tektil yo ak lòt pwodwi di yo touche 500 goud ($5) pa jou pou 9 èdtan travay e yap mande yon minimom 1,500 goud ($15 pa jou. Demann sa yo rive nan moman Ayiti ap soufri anba yon to enflasyon ki wo anpil.

Similien Luckgelson, ki pami manifestan sa yo ki te tou pre ayewopò entènasyonal la di Associated Press."Malere paka fè anyen ak salè sa a, "

Manifestan yo boule kawotchou pou bloke yon wout prensipal, Lapolis te eseye dispèse foul la ak gaz lakrimojèn. Sepandan manifestan yo te pèsiste e a la fen, yo te rasanble devan pak endistriyèl la, ki te fèmen pòt li Jedi.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG