Accessibility links

Breaking News

Enflasyon Monte 17 Wotè Ozetazini


Foto Achiv: Yon seleksyon vyan bef nan yon sipemache Publix nan Miami.
Foto Achiv: Yon seleksyon vyan bef nan yon sipemache Publix nan Miami.

Enflasyon monte 17 wotè Ozetazini. Dapre otorite yo, nivo enflasyon an rive nan niwo pi wo yo konstate depi 40 an, e sa gen gwo konsekans sou konsomatè ameriken yo. Lavi chè netralize prèske ogmantasyon salè anplwaye yo epi ranfose desizyon Rezèv Federal la pran pou'l komanse ogmante to prè yo.

Depatman Travay Etazini deklare Jedi pri konsomatè yo ogmante 7,5% mwa pase a konpare ak chif yo te anrejistre ane pase a. Se pi gwo ogmantasyon yo konstate depi mwad Fevriye 1982.

Rate machandiz ak travayè, pakèt asistans gouvènman federal la dispoze, to enterè ki ba anpil epi gwo depans konsomatè yo melanje ansanm lakoz enflasyon an.

XS
SM
MD
LG