Accessibility links

Breaking News

John Kerry, Ale Meksik Malgre Gouvènman Meksiken an Deside Favorize Konpayi Elektrik Leta a


Foto Achiv: John Kerry
Foto Achiv: John Kerry

Anvwaye Espesyal Prezidansyel Etazini pou Chanjman Klimatik, John Kerry, ale Meksik Mèkredi malgre tansyon kap ogmante sou plan Meksik genyen pou favorize konpayi elektrik leta meksiken an epi sere boulon konpayi prive ak konpanyi etranje yo ki vle vin envesti nan peyi Meksik.

Prezidan Meksiken an Andrés Manuel López Obrador te pwomèt pou l avanse ak chanjman nan sektè elektrisite Meksik la, ogmante envestisman nan konbistib fosil pandan y ap limite plant prive van, gaz natirèl ak solè nan yon mache minorite.

Gouvènman Ameriken an eksprime "enkyetid otantik konsènan potansyèl enpak negatif" sou biznis ak envestisman ameriken.

Kerry ka boulvèse pa defans López Obrador te fè nan sal chabon leta ak santral elektrik lwil oliv.

XS
SM
MD
LG