Accessibility links

Breaking News

Malgre Sanksyon, Kore di Nò Kontinye ap Travay sou Zam Nikleyè ak Misil


김정은 북한 국무위원장이 지난해 10월 평양에서 열린 '국방발전전람회'를 방문했다.
김정은 북한 국무위원장이 지난해 10월 평양에서 열린 '국방발전전람회'를 방문했다.

Yon rapò Nasyonzini AFP te gen aksè gade Samdi, deklare ke Kore di Nò kontinye ap devlope zam nikleyè li ak kapasite misil li genyen yo pandan yon ane malgre sanksyon entènasyonal yo.

Dokiman sa a montre sous revni gouvènman an nan Kore di Nò a kom "Cyberatacks" setadi atak sou entènet yo fè espesyalman sou lajan kripto yo.

Rapò a endike tou ke "Kantite petwòl ilegal ki antre nan peyi a ogmante ". An tèm de zam Kore di Nò kontinye ap devlope pwogram nikleyè ak misil balistik li yo an vyolasyon rezolisyon Konsèy Sekirite a".

"Malgre ke pa gen okenn tès nikleyè oswa lansman misil entèkontinantal yo te rapòte, Kore di Nò te kontinye devlope kapasite pwodiksyon materyèl fissile nikleyè li yo," yo ajoute.

Pou yon ane, Pyongyang "te ogmante kapasite deplwaman rapid, gwo mobilite (tankou nan lanmè) ak amelyore rezistans nan fòs misil li yo", tou rapò a deklare.

XS
SM
MD
LG