Accessibility links

Breaking News

Ansyen Gouvènè Alaska Sarah Palin, Jije ak Jounal New York Times Nan Yon Pwosè pou Difamasyon


Former Alaska Gov. Sarah Palin leaves federal court in New York, Feb. 3, 2022. Her libel suit against The New York Times went to trial Thursday.
Former Alaska Gov. Sarah Palin leaves federal court in New York, Feb. 3, 2022. Her libel suit against The New York Times went to trial Thursday.

Sarah Palin, yon ansyen kandida pou vis-prezidan Etazini, ak ansyen gouvènè eta Alaska, t-al jije ak jounal New York Times jedi nan yon pwosè pou difamasyon ki ka sèvi pou teste pwoteksyon ke media ameriken-yo genyen depi lontan.

Palin, ki gen 57 lane, te asiyen New York Times an 2017 poutèt yon editoryal ki te fè erè nan tabli koneksyon ant diskou politik madanm nan ak yon tire ki te fèt an 2011 nan eta Arizona, kote 6 moun te pèdi lavi-yo e lè Depite ameriken nan epòk-la Gabby Giffords te blese grav.

Pawòl ki fè diskisyon an se ansyen editè paj editoryal James Bennet ki te ajoute-l, ki anba akizasyon tou nan pwosè-a. Jounal-la te kouri korije editoryal la.

"Ki sa m-ap chache akonpli? Jistis, pou moun ki ap tann verite nan media," se sa Palin te di jounalis-yo lè-l t-ap antre nan tribinal federal-la nan Manhattan.

Pwosè-a ki te fikse pou 24 Janvye te ranvwaye pou ayè jedi-a, paske Palin te teste pozitif pou kowonaviris. Palin te di an piblik li p-ap pran vaksen kont COVID-19.

XS
SM
MD
LG