Accessibility links

Breaking News

Eleksyon Prezidansyèl: Imigrasyon Se Priyorite Pou Emmanuel Macron


French President Macron chairs a meeting devoted to France's actions in favor of Christians in the Middle East
French President Macron chairs a meeting devoted to France's actions in favor of Christians in the Middle East

Prezidan franse a, Emmanuel Macron, chwazi migrasyon kòm yon tèm pou l debat pandan l ap mennen kanpay pou elektoral pou yon 2em manda.

Dosye migrasyon an se yon sijè ki okipe yon plas prensipal nan kanpay elektoral la an Frans, kote advesè politik Prezidan Macron, akize l deske li pa fe ase efò pou l te mennen on batay kont migran ki ap antre nan peyi a ak dokiman legal.

Prezidan Emmanuel Macron mande pou otorite Inyon Ewopeyen an yo ranfòse fwontyè nan peyi ki fè pati de inyon an. Mezi sa yo pral anpeche- migran yo antre ilegal peyi yo. Prezidan Macron pwopoze pou peyi nan inyon Ewop la kite yon touris ki antre nan youn nan peyi yo avek dokiman legal vwayaje nan tout eta manm yo, san imigrasyon pa enkyete l, gras ak viza SCHENGEN nan.

Prezidan Macron pare pou l ale –dèyè- yon lòt manda nan eleksyon ki pral dewoule an Frans 3 avril yo.

XS
SM
MD
LG