Accessibility links

Breaking News

Etazini ap Deplwaye Avyon Konba Avanse Nan Emira Arab Ini


Asia Tensions
Asia Tensions

Depatman Defans Etazini fè konnen yè mekredi a ke lap deplwaye avyon konba avanse nan Emira Arab Uni pou ede proteje peyi a kont menas ke rebel Houthi ki alye ak Iran yo poze nan Yemen.

Nan yon kominike, Pentagon nan di Minis Defans Lloyd Austin te enfòme prens eritye Kouwòn Emira Arab Uni an bin Zayed Al Nahy nan telefon madi 2 fevriye pase ke lap voye avyon pou ogmante sipò lame Etazini pou peyi a.

Austin dakò tou pou voye USS COLE bato fos naval la ki gen yon misil telegide pou ede la marinn Emira Arab Uni e fè yon estasyon ravitayman nan Abu Dhabi daprè depatman an.

Li di objektif deplwaman sa yo se pou voye yon siyal klè ke Etazini kanpe bò kote Emira Arab Uni kom yon patnè estratejik depi lontan.

Minis Defans izrayelyen an, Benny Gantz komanse yon vizit 2 jou nan Bahrain mekredi 2 fevriye pase a, e pandan vizit sa a li pral siyen yon akò sekirite avek lidè Bahrain yo daprè sa laprès izrayelyen rapòte.

XS
SM
MD
LG