Accessibility links

Breaking News

Jamayik Gen yon Skiyè nan Jezolenpik Peken yo


Jamayik Gen yon Skiyè nan Jezolenpik Peken yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:24 0:00

Jamayik Gen yon Skiyè nan Jezolenpik Peken yo

Benjamin Alexander pesevere pou'l tounen premye Jamayiken ki kalifye pou konpetisyon Ski Alpen nan Jezolenpik Ive yo. Viktwa sa a enspire yon nouvo jenerasyon atlet Olenpik ki se moun zile karayib sa a.

Ansyen DJ a, se premye skiye alpen Olenpik la Jamayik. Alexander ap fe ski depi 6 zan selman, men li kalifye pou Jezolenpik Ive Peken yo.

"Gen 5 an desa, yo te envite'm fe heli ski nan Kanada - e yo te enviite'm pou'm jwe mizik antanke DJ, amize'm epi youn nan jou yo pou dejene yo te mete nou nan elikopte epi mennen nou rankontre skiye yo pou manje ak yo," li esplike. " E nan fen dejene a mesye yo te monte sou ski yo e mwen te we yo fe yon bagay mwen te kwe ki te supe-umen. Sete y on bagay enkwayab - e mwen deside menm le a ke se sa mwen vle fe e ke pwochen fwa map rejwenn yo ane pwochen se patap antanke DJ, mwen te vle tounen kom skiye. Mwen pran premye leson mwen sou yon montay nan mwad Fevriye 2016, epi pou Nwel 2017, e 9em jou ke'm tap fe ski mwen te rejwenn ti mesye yo."

Alexander gen kom antrene ansyen atlet treno Jamayiken Dudley Stokes, ki te patisipe nan 4 Jezolenpik ant 1988 ak 1998. Se misye ki te enspire film "Cool Runnings" la.

"Pou pi fo ski se yon spo blan, donk chak fwa mwen tap fe ski mwen te reprezantan nwa a - e pa selman sa - zanmi'm yo te konnen ke mwen se moun Jamayik donk yo konn pale de Cool Runnings, Jamayiken sou Glas - ou ta dwe ale nan Jezolenpik yo. E apre mwen t'al nan Jezolenpik yo kom spektate an 2018, mwen te reyalize gran puisans Je Ete yo, Jamayik te gen selman 3 atlet ane sa a, donk mwen te kwe petet mwen gen yon chans. Donk jodia, men nou - nap koze sou premye patisipasyon'm nan Jezolenpik yo e antanke premye skiye alpen - se yon bagay fou," misye deklare.

Met sou Jamayik, nap raple Ayiti ap patisipe nan Jezolenpik Peken yo tou.

XS
SM
MD
LG